3 Desann 2001 Aristide fè gang lavalas touye jounalis Brignol Lindor: 24 lane apre Jean Bertrand Aristide ak Leslie Voltaire (KPT) lavalas bezwen elimine jounalis pirèd – Stanley Lucas

Libète laprès ki pote bonjan enfòmasyon ki kore transparans ak redisyon dè kont se yon potomitan ki la pou ede tout sosyete mache byen. Eleman nan sosyete a ki kont libète laprès reprezante yon menas pou tout sitwayen.

Jou ki te 3 desanm 2001 gang teworis lavalas dòmi nan bwa nan vil Tigwav sou lòd Jean Bertrand Aristide touye jounalis Brignol Lindor ak kout manchèt. Men kopi rapò sou asasina sa 👇🏿:
https://rsf.org/fr/z%C3%A9ro-tol%C3%A9rance-pour-la-presse-enqu%C3%AAte-sur-lassassinat-du-journaliste-brignol-lindor

Krim sa fèt paske jounalis sa tap fè travay pwofesyonèl li ki se enfòme sosyete a sou sakapase nan vil sa. Epòk sa Aristide ak tout rezo lavalas te gen gwo enfliyans sou pouvwa leta e sou gang chimè ki tap fè violans toupatou. Alepòk lavalas tèlman tap piye leta pèp la te bayo nom granmanjè. Nan moman sa lavalas tap fè anpil violans kont opozan politik ki tap kritike jesyon kowonpi yo nan pouvwa leta ansanm ak politik violans ak represyon yo tap pratike toupatou. Jounalis alepòk ki pran kouraj yo a 2 men pou fè repòtaj sou reyalite politik, ekonomik e sosyal peyi dayiti te swa pèdi lavi yo mouri asasine, swa gang lavalas te maspinen, kraze zo yo oubyen yo te sètoblije kouri kite peyi dayiti chape poul yo anba violans rejim lavalas ki te nan detwui ak boule radyo.

Alepòk nan rapò òganizasyon reporters san fwontyè Jean Bertrand Aristide te nan yon list kote li te fè pati 38 prezidan nan mond lan yo idantifye e konfime kòm predatè laprès pou kantite jounalis yo touye, kraze zo, voye an egkzil, radyo yo kraze oubyen boule. Pou verifye tape la ⬇️:
https://www.alterpresse.org/spip.php?article168#.XKIcpyOZOu5

Sou Aristide Ayiti te klase 169èm sou 182 onivo mondyal sou zafè libète laprès tèlman lavalas tap kraze zo jounalis. Pou verifye tape la ⬇️:
https://www.slideshare.net/slideshow/la-presse-hatienne-dans-le-collimateur-de-lavalas-ennemi-de-la-democratie/40864260

Nap rapele apre Aristide ak lavalas kite pouvwa a, apati de 2013 Ayiti pral retounen nan pibon plas nan zafè libète laprès. Ayiti pral remonte a plas 52èm.

Fas a deriv Aristide yo e tout krim sa yo lavalas tap fè senatè Irvelt Chery te ekri komisè gouvènman peyi dayiti e te mande yo arete Aristide ak gang lavalas ki tap fè san koule e pou plizyè kalte lòt krim li detaye nan lèt la. Men kopi lèt la ak list krim yo, tape la 👇🏿: https://www.haitian-truth.org/28-fevrier-2004-1013-neuf-ans-apres-la-demission-du-dictateur-jean-betrand-aristide-toujours-pas-de-justice-pour-les-victimes-de-la-repression-lavalas/

Apre asasina jounalis Brignol Lindor se òganizasyon SOS jounalis dirije pa Guyler Delva ki goumen pandan lontan nan sistèm jidisyè peyi dayiti pou jwen jistis pou jounalis ki te viktim. Malgre blokaj lavalas mete a travè kontwòl yo genyen sou pouvwa jidisyè a pandan plizyè lane pou pwoteje kriminèl yo, SOS jounalis rive fè kondane 2 manb nan gang kriminèl ki touye Brignol Lindor. Pou verifye tape la 👇🏿:
https://rsf.org/fr/assassinat-de-brignol-lindor-deux-condamnations-%C3%A0-perp%C3%A9tuit%C3%A9-et-un-acquittement

Poutèt kontwòl lavalas sou lajistis jij poko janm ka rive sou Aristide ki se otè entelektyèl krim sa. Jis jounen jodia kontwòl lavalas genyen nan lajistis fè Aristide ap jwui de enpinite malgre tout jounalis li fè gang kraze zo e touye.

Aristide poko non plis peye reparasyon a radyo li fè gang lavalas detwui ak ekipman yo boule.

Jounalis ki pi konu ke Aristide touye se Jean Dominique. Kato touye tou jounalis Jacques Roche pou Aristide. Ansyen minis Aristide ki se Raoul Peck te choke pa krim sa. Men kisa ki te ekri sou Alterpresse sou teworis Aristide yo, tape la 👇🏿:
https://www.alterpresse.org/article.php?id_article=2837

Rapò sou libète laprès alepòk bay detay sou tout jounalis Aristide, lavalas kraze zo yo, touye yo, fòse yo ale an egzil pou yo pa mouri asasinen ansanm a radyo gang lavalas detwui materyèl yo oubyen boule. Aristide ak gang lavalas rayi libète laprès ak jounalis endepandan.

Depi lè Aristide ak lavalas pran pouvwa apre asasina Prezidan Jovenel Moïse 7 Jiyè 2021 jounalis ak radyo rekòmanse menase ankò. Pou kaponnen laprès rezo lavalas ki nan tèt leta a travè komisè gouvènman pòtoprens voye manda bay jounalis
Louko Desir nan emisyon maten deba nan tantativ pou fè li fèmen bouch li. Sosyete a te revolte kont tantativ entimidasyon sa. Gade la ⬇️:

Apresa Leslie Voltaire (lavalas) ki nan KPT a pral voye CONATEL direksyon ki okipe zafè kominikasyon leta fèmen abitrèman emisyon Boukante lapawòl jounalis Guerrier Henri dirije sou radio Mega paske twòp verite pale sou relasyon chèf gang yo genyen ak responsab leta, lidè politik ak ansyen palmantè. Pou plis detay sou atak sa kont libète laprès, tape la 👇🏿:
https://www.juno7.ht/sos-journalistes-denonce-la-suspension-de-lemission-b/

Temwayaj chèf gang Vitelhomme Innocent sou emisyon Boukante lapawòl deranje anpil lidè politik ak ansyen palmantè ki nan pouvwa a. Pou plis detay tape sou 2 lyen sa yo 👇🏿:
A. https://youtu.be/M6Caoi9-KJE?si=6A2i-2IOb7fntM4w
B. https://youtu.be/_j18bC0Vpzw?si=1Bi7utIEOSUuHH48

Revelasyon sou Boukante lapawòl Dickson Oreste ki tap poté kòb leta manb konsèy prezidansyèl tranzisyon (KPT) Leslie Voltaire, Gerald Gilles tap voye bay gang enève pouvwa oligak lavalas la. Otorite lavalas nan pouvwa KPT a deside touye Dickson Oreste epi detwui jounalis Guerrier Henri. Apre tantativ pou touyel pa mache otorite KPT yo lage manda jidisyè politik dèyè Guerrier. Pou plis detay tape la 👇🏿:
https://youtu.be/0wkWp-1YFZg?si=hEtK4Fe8ECg3QT-P

Lè sa pa mache nan tantativ toujou pou detwui Guerrier Henri pouvwa a sèvi ak Pierre Espérance e Roudy Sanon pou monte fo dosye sou do jounalis la. Espérance sèvi ak kontak li nan lapolis ak lajistis pou fè montaj de destriksyon sa. Kou a echwe men yo afebli Guerrier Henri. Jis jodia Espérance kontinye ap fè montaj sa yo pou detwui Guerrier menmjan lap chache detwui tou komisè Jean Ernest Muscadin nan depatman Nip.

Nan mitan tout bagay sa yo Aristide voye gang boule radyo karayib pase gen twòp bagay ki di sou li sou radyo sa. Pou plis detay tape la 👇🏿:
https://youtu.be/eg_yKZK4TQA?si=ekOvIyartOUKpMzd

Pa bliye Aristide kontwòle 60% gang teworis Viv Ansanm. Li fonksyone avèk yo tankou Osama Bin Laden. Sa vle di se pa mesaje le voye lòd bayo. Pati gang teworis Viv Ansanm Aristide kontwòle voye kòb bali chak semèn pa mesaje tou. Sèjousi Aristide enève dèske lapolis ap atake gang teworis yo. Nan plan koudeta elektoral Aristide ap pare gen yon wòl santral pou 60% gang teworis Viv Ansanm pou al boure bwa bilten pou li. An echanj Aristide ak Leslie Voltaire pwomèt yo iminite a travè yon “dyalòg” e pwomèt yo tou plizyè pòs palmantè e nan biwo leta. Desizyon blan yo pran pou sible Viv Ansanm kòm òganizasyon teworis kreye pwoblèm pou Aristide. Pou w komprann depi kilè Aristide ap jwe jwèt koken sa, gadé video sa ⬇️:

Apresa Aristide ak Leslie Voltaire (KPT) pral fè tantativ pou touye jounalis Guyler Delva ki se prezidan òganizasyon SOS jounalis. Rezon? SOS Jounalis mande kou kasasyon pou li pran desizyon final nan dosye asasina jounalis Jean Dominique ke Aristide fè touye le 3 Avril 2000.

Jij enstriksyon an te idantifye 9 moun nan fondasyon Aristide ki touye Jean Dominique. Se Mirlande Liberus ki tap dirije fondasyon Aristide, Gabriel Harold Sévère, Frantz Camille alias Franco Camille, Jeudy Jean Daniel, Markenton Michel, Mérité et Dimsley Milien, Toussaint Mercidieu. Gen youn nan sispèk yo nan asasina sa ki mouri.

Chèf sekirite Aristide Oriel Jean temwaye nan kabinè enstriksyon e anmenm tan kite yon interview ki bay detay sou jan Aristide òganize asasina jounalis Jean Dominique. Oriel Jean te fè interview sa paske li te aprann ke apre temwayaj li nan kabinè enstriksyon a travè jij li kontwòle Aristide te vinn okouran de tout sal te di nan kabinè enstriksyon. Poutèt sa Aristide te pran dispozisyon pou touye l. Men kopi interview sa Oriel Jean fè anvan Aristide fè touyel⬇️:
https://youtu.be/GYNTDPp7Ugw?si=mpnDVTyp3g_J9rPM

Pandan Aristide bloke lajistis nan kou kasasyon li fè touye plizyè temwen kle nan asasina jounalis Jean Dominique, pou plis detay tape la ⬇️:
https://www.alterpresse.org/spip.php?article14345#.XKIcPiOZOu4

Fas a tantativ Leslie Voltaire ak Aristide pou touye l jounalis Guyler Delva sètoblije pran egzil aletranje pou li pa mouri anba gang lavalas. Tande temwayaj Guyler Delva ⬇️:
https://youtu.be/OuU2xUfwmec?si=VyuRsr19EBEK5cAq

Apre jounalis Guyler Delva Aristide ak lavalas sible PDG radio Caraibes Patrick Moussignac ansanm ak jounalis emisyon premyè okazyon Ronald Deshommes.

Depi mesyedam lavalas yo retounen nan pouvwa leta a yo rekòmanse distribye zam bay gang yo e represyon kont jounalis ak radyo ogmante de 85%. Si anyen pafèt pral gen plis jounalis ak radyo ki pral viktim.

Lè a rive tou pou tout otè entelektyèl asasina jounalis Brignol Lindor mare. Misyon nasyonzini BINUH bèbè sou tout krim sa yo.

  • visionnaire

    Radio Tele Visionnaire is an online based radio and Tv station that is broadcasting from Orlando Florida. The station airs news and information content 24 hours per day, seven days per week via different platforms.

    Related Posts

    Les États-Unis mettent fin au Statut de Protection Temporaire (TPS) pour Haïti à partir de 2026

    Washington, D.C. — Le Département de la Sécurité intérieure des États-Unis (DHS) a officiellement annoncé la fin du Statut de Protection Temporaire (TPS) accordé aux ressortissants haïtiens, à travers un avis…

    Ancien président de la banque centrale et actuel conseiller président d’Haïti, Fritz Alphonse Jean est sous sanction américaine 

    Ce mardi 25 novembre 2025 – Les États-Unis ont officiellement sanctionné Fritz Alphonse Jean, membre du Conseil présidentiel de transition en Haïti, l’accusant de soutenir des gangs et d’entraver la…

    Leave a Reply

    Your email address will not be published. Required fields are marked *

    You Missed

    3 Desann 2001 Aristide fè gang lavalas touye jounalis Brignol Lindor: 24 lane apre Jean Bertrand Aristide ak Leslie Voltaire (KPT) lavalas bezwen elimine jounalis pirèd – Stanley Lucas

    3 Desann 2001 Aristide fè gang lavalas touye jounalis Brignol Lindor: 24 lane apre Jean Bertrand Aristide ak Leslie Voltaire (KPT) lavalas bezwen elimine jounalis pirèd – Stanley Lucas

    Les États-Unis mettent fin au Statut de Protection Temporaire (TPS) pour Haïti à partir de 2026

    Les États-Unis mettent fin au Statut de Protection Temporaire (TPS) pour Haïti à partir de 2026

    Ancien président de la banque centrale et actuel conseiller président d’Haïti, Fritz Alphonse Jean est sous sanction américaine 

    Ancien président de la banque centrale et actuel conseiller président d’Haïti, Fritz Alphonse Jean est sous sanction américaine 

    États-Unis, deux (2) Américains inculpés pour un complot visant à tuer et violer des habitants de l’Île de la Gonâve.

    États-Unis, deux (2) Américains inculpés pour un complot visant à tuer et violer des habitants de l’Île de la Gonâve.

    La députée haïtiano-américaine Sheila Cherfilus-McCormick inculpée pour détournement de 5 millions de dollars de fonds d’urgence

    La députée haïtiano-américaine Sheila Cherfilus-McCormick inculpée pour détournement de 5 millions de dollars de fonds d’urgence

    Déploiement de Marines américains à Port-au-Prince

    Déploiement de Marines américains à Port-au-Prince