
Ansyen Minis Afè Etranjè, anbasadè @BocchitEdmond mande Leta Ayisyen antre nan konsiltasyon ak Depatman Deta Ameriken pou l ouvè yon biwo konsila Ameriken Okap pou trete dosye viza imigran yo olye yo ale ale Bahamas (Nassau) pou entèvyou ak lòt pwosedi konsila yo. Sa ap ede diminye gwo depans vwayaj ak lojman fanmi ayisyen yo oblije fè.
